mardi 19 mai 2020

5 konsèy ou dwe aplike pouw evite gen movèz alèn

Men 5 konsèy ou dwe aplike pouw evite gen movèz alèn :🗣😷

Movèz alèn se yon pwoblèm ki touche anpil moun nan sosyete a, majorité moun ki soufri movèz alèn ap remake bouch yo bay movèz odè lè yap pale ak lè yap respire, oubyen yo ka santi bouch yo gen move gou trè souvan. Men anpil fwa moun ki gen movèz alèn lan pa toujou konsyan de sa , lè konsa se yon moun pwòch li sèlman ki ka fè l konprann sa. Plis moun ki soufri Movèz Alèn se akoz yon mank ijyèn nan bouch yo oubyen yon pwoblèm dijestif (estomac).

Sikològ yo montre ke movèz alèn se yon pwoblem ki ka fè anpil enpak sikolojik sou yon moun, Li diminye sou kapasite moun nan genyen pou l apwoche lòt moun ki nan antouraj li.

Se poutèt sa jodia , nap prezantew 5 konsèy medikal pouw toujou aplike siw vle evite gen pwoblèm movèz alèn.

1️⃣-Toujou netwaye lang nou lè n fin bwose dan nou.

▪️Anpil nan bakteri ki lakoz movèz alèn yo se bakteri anaerobi, savledi mikwob ki renmen imidite(kote ki mouye), lang nou se youn nan pati ki pi imid nan bouch la , se pou sa bakteri yo renmen rete sou lang nou pou yo dekonpoze epi degaje move sant pou bay pwoblem movèz alèn nan. Pou n evite bakteri sa yo miltiplye , Nou dwe toujou netwaye lang nou . Pou n fè sa, nou ka itilize yon « Grat Lang » ke yo vann nan famasi ,dèfwa gen bwòs dan ki tou gen Grat lang yo, osinon si bwòs la pa genyen l wap jis itilize pay bwòs la pouw netwaye lang ou lejèman aprè w fin bwose dan yo.

2️⃣-Evite konsome twòp Lay ak Zonyon nan manje nou.

▪️Lay ak Zonyon gen yon konpoze ladan yo ke yo rele « dérivé sulfuré » . Lè nou konsome anpil lay ak zonyon , “dérivé sulfuré” sa yo pase direkteman nan san nou pou yo elimine a travè pipi nou,swè kò nou, ak nan poumon nou. Konpoze sa yo pran anpil tan pou yo dégradé nèt nan kò nou, se sak fè nou ka remake  yon movèz alèn ki dire anpil aprè nou fin konsome anpil lay ak zonyon, paske dérivé sulfuré yo prezan nan l’air ke nou rejte a. Pou nou anpeche sa rive, nou dwe kontwole kantite Lay ak Zonyon nap konsome nan alimantasyon nou chak jou.

3️⃣-Bwose dan nou regilyèman epi itilize fil dantè.

▪️Chak lè nou fin manje ,toujou genyen kras ki rete sou dan nou, se sak fè li rekòmande pou nou toujou bwose dan nou chak lè nou fin manje(sitou le matin e le swa), lè nou pote neglijans nou pa bwose bouch nou regilyèman, gen yon kouch kalkè byen di ke yo rele « tartre » ki ap parèt sou dan yo,kouch kalkè sa fasilite mikwòb ki bay movèz alèn yo miltiplye. Anplis de sa,kras manje yo renmen al kache nan fant dan nou, lè sa li pi difisil pou yo sòti epi yo dekonpoze pi vit pou degaje movèz odè. Pou nou evite sa rive nou, li rekòmande pou nou toujou byen bwose dan nou chak matin chak swa avan nal kouche epi itilize fil dantè pou nou netwaye fant dan yo.

4️⃣-Toujou byen idrate kò nou pou n evite bouch nou sèch.

▪️Li rekòmande pou nou bwè an mwayèn yon lit edmi dlo nan yon jounen. Lè nou pa bwè ase dlo pandan jounen an bouch nou konn gen tandans sèch. Fòk nou pa bliye ke krache nan bouch nou jwe yon wòl antibaktebyen tou, li gen kapasite poul afebli mikwòb yo epi patisipe nan metwayaj bouch la otomatikam. Lè bouch nou sèch, sa anpeche kras manje yo elimine rapidman e sa favorize bakteri ki nan bouch nou yo dekonpoze pi rapid. 

Kidonk, nou dwe toujou bwè anpil dlo,epi evite move abitid ki ka rann bouch nou sèch yo.

5️⃣-Vizite dantis nou pou piti yon fwa chak ane.

▪️Chak lè nou vizite dantis nou, sa ban nou possibilité pou nou jwenn bon jan enfòmasyon sou eta santé bouch nou.

Anpil nan mikwòb ki koz movèz alèn yo renmen al kache anba jansiv la oubyen sou dan yo dirèkteman, se pousa nou dwe fè pwofilaksi chak 6 mwa pou fè bon netwayaj anba jansiv nou epi pou retire tout depo kalkè (tartre) ki te di sou dan yo. Aprè pwofilaksi, dantis la kapab preskri w pat dantifris ak bain de bouche ki approprié pou rezoud pwoblem ou an.

Vizite dantis nou regilyèman, se meyè mwayen pou n kontwole eta santé bouch nou epi fè prevansyon pou evite devlope tout kalite maladi nan bouch nou tankou movèz Alèn.

Pa janm bliye, meyè fason pou nou kenbe bouch nou an santé se lè nou respekte règ ijyèn yo. Pa neglije swiv 5 konsèy sa yo pouw fè prevansyon kont movèz alèn.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.

Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist lan sou lyen sa👇

https://www.facebook.com/DrBazard/

Rete konekte ak nou sou Facebook ak Instagram @bazard_dentist.

Pa bliye prensip pou n konbat kowonaviris la, toujou lave men nou, touselle nan koud nou, mete mask epi kenbe distans ou ak lòt moun.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire