dimanche 24 mai 2020

Kisa blanchiman dantè a ye?

Blanchiman se teknik ke yo itilize nan medsin dantè pou amelyore koulè dan moun ki swete gen dan blanch.
Yo fè sa pi souvan pou moun ki gen dan  jòn ,ak moun ki vle amelyore aparans yo pou yo parèt pi bèl.

Fòk mwen di nou ke nòmalman moun pa fèt ak dan blanch, men dan yo pa fèt pou yo twò jòn tou, se nan sans sa, si yon moun estime ke li pa renmen koulè dan l yo, li kapab al wè yon dantis pou l mande fè blanchiman.

Gen 2 fason yo blanchi dan:

Premye fason an se lè moun nan al kay dantis pou l fè blanchiman an, lè sa dantis lan ap itilize yon jèl ki gen yon pwodwi ladan ke yo rele  « Peroxyde d’hydrogène » pou l pase sou dan yo, e apresa li ka pwojte yon limyè sou dan yo pou blanchiman an ka fet rapid, oubyen tou li ka fè sa nan plizyè randevou jiskaske moun nan jwenn koulè dan li vle a.Men sa konn rive dèfwa dantis lan bay moun nan tretman an pou l al kontinye l lakay li. 
Blanchiman sa dirab, Dan yo ka rete blanch pou yon bon ti tan ,tou depan de teknik dantis lan itilize a. Men avan blanchiman an, moun man dwè fè pwofilaksi, tretman kari ak tout lot pwoblem li ta gen nan bouch li.

Dezyèm fason yon moun ka blanchi dan l, se lè moun nan chwazi achte pèsonelman pwodwi blanchisan yo poul fè sa poukont li lakay li, pami pwodwi sa yo gen pat dantifris, jèl , ak bandlèt yo vann ke moun nan ka kole sou dan l pou l blanchi yo. Men atansyon, si yon  moun chwazi fè blanchiman poukòl Li dwe pran anpil prekosyon , nan sans sa li toujou preferab pouw wè yon dantis avan pou l ka gad bouch ou, fè pwofilaksi pou ou, fè tretman tout pwoblem ou te gen nan bouch ou avan epi baw bon jan eksplikasyon sou produit blanchiman ou achte a pouw konn kòman pouw bien itilize l. Youn nan dezavantaj ki genyen lè yon moun blanchi dan l lakay li se paske blanchiman sa pa dire anpil, men kòm avantaj li koute mwens kòb epi li pèmèt moun nan jere yon aparans byen rapid men li pa dirab menm jan ak blanchiman dantis yo fè a. Blanchiman dantis yo dire pi lontan.

Èske blanchiman dantè a pa gen lòt konsekans ?
Konsekans ki ka genyen se lè moun nan fè blanchiman an san kontwòl , lè moun nan itilize pwodwi yo an eksè ak lè blanchiman an fèt nan move kondisyon. se poutèt sa li rekòmande pou nou toujou jwenn avi yon dantis sou kesyon blanchiman an. Paske siw al blanchi dan w san kontwòl ou ka lakoz Dan yo vin sansib, frajil, e menm fasil pou kase.

Yon moun Ki fin fè blanchiman dwe evite konsome kek bagay sil vle konsève dan blanch yo, Li dwe Evite fimen, evite bwè twop te ak kafe, evite konsome bagay ki ka kolore dan yo.

Siw swete blanchi dan w, vizite yon dantis avan w ta itilize yon produit pouw ka gen tout enfòmasyon ki nesesè sou fason pouw itilize l epi fè tout travay ki merite fèt nan bouch ou avan blanchiman an. Siw vle yon blanchiman ki dirab, Li preferab pouw fèl kay dantis ki spesyalis pou sa. Men Siw vle jere aparans ou pou yon gwo okazyon rapid, ou kapab toujou itilize produit yo vann pou sa paske li koute mwens kòb, men fòk ou ou fè sa an akò ak yon dantis ki pou konseye w sou sa.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.
Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist/prixdent sou lyen sa👇


Swiv nou sou Instagram tou sou lyen sa 👇



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire