lundi 22 juin 2020

Tout saw ta dwe konnen sou braces.

Nou ka remake anpil moun gen sèk nan dan yo kounya,
Èske n ta renmen konn poukisa ?
E Ki enpòtans sèklaj la genyen?
M invité w li tèks sa siw vle gen plis enfòmasyon.

Anpil nan nou toujou ap poze tèt nou kesyon pou mande ki enpòtans enpòtans sèk yo mete nan dan an genyen, dèfwa nou fè anpil  movèz entèpretasyon paske nou manke enfòmasyon.

Banm eksplike nou, sèklaj dantè a se yon pratik nan medsin dantè ke yo rele « Orthodontie », se yon dantis nan peyi lafrans ki te premye fè eksperyans sa nan ane 1728 pou l te ka redrese dan ki pa byen aligné nan bouch pasyan l yo.

Sèklaj la se yon tretman, se pa yon bagay pou plezi jan anpil moun konprann li an. Yo mete sèk pou moun ki gen dan gaye , moun ki gen gwo chenèt ki ta renmen fèmen l, ak moun ki gen dan sou pil ( dan doukla). Yo konn mete sèk tou pou timoun lè machwè yo twò piti pou yo ka pèmèt zo a pi byen devlope.

Èske se tout moun ki ka fè sèklaj?
Non, se pa tout moun ki ka fè sèklaj. Gen moun si yo mete sèk yo ka pèdi tout dan nan bouch yo aprèsa, se sak fè li rekòmande pou gen yon bon kontwòl ki fèt avan yo mete sèk nan dan moun nan.
Youn nan egzanp moun ki paka mete sèk konsa, se Moun ki gen gwo pwoblem nan jansiv ki ka lakoz dan yo souke, moun sa yo dwe sibi gwo tretman pou maladi jansiv avan yo wè si yap kapab mete sèk la pou yo.

Konbyen tan yon moun ta dwe fè ak sèk nan dan l?
Yon tretman sèklaj (traitement orthodontique) kapab dire pou pi piti ant 6 mwa jiska 2zan, men pou moun ki gen ka konplike yo sa kapab dire plis tan toujou.
Youn nan bagay pou nou konprann: plis moun nan fè tretman sa pandan li pi jèn, se plis lap pi fasil pou l jwenn rezilta .

Pou yo fè sèklaj la yo itilize anpil materyèl  ki fet pou sa, ladan yo nou jwenn brakèt , brakèt la se se ti plak yo kole sou dan an ki tou klere a, yo itilize konpozit tou pou yo kole brakèt yo sou dan an, epi gen yon fil ki pase sou tout dan yo,  aprèsa gen elastik yo ki pèmèt fil la tache sou brakèt yo. Elastik yo konn gen plizyè koulè, se elastik yo ki fè fòs sou dan yo pou fè yo chanje plas jiskaske tout dan yo byen ranje nan bouch la.

Anpil moun konn ap mande si sèklaj la pa gen lòt konsekans?
 Sèklaj la se yon tretman, se pou sa yo rele l « traitement orthodontique ». Se yon tretman ki fèt pou moun nan kapab jwenn rezilta, Konsekans nòmal sèklaj la se deplasman dan yo pou moun nan ka jwenn souri li te espere a.
Konsekans grav ki ka gen nan sèklaj se lè moun nan gen foli, li al fè sa kay yon moun ki pa menm gen konpetans pou sa (fo doktè), lè sa elastik yo ka fè twop fòs sou dan yo jiskaske moun nan vin pèdi dan yo. Se pou rezon sa nou dwe byen konnen nan men ki moun nap lage bouch nou. Siw swete amelyore souri w ou vle mete sèk, kontakte dantis ou.

Nou tout ka jwenn souri nou bezwen an depi nou al wè dantis nou, fè dantis nou konfyans epi aplike règ ijyèn yo pou nou toujou kenbe bouch nou an santé.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.
Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist/prixdent sou lyen sa👇

https://www.facebook.com/docteurbazard/

Swiv nou sou Instagram tou sou lyen sa 👇

https://instagram.com/bazard_dentist?r=nametag

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire