jeudi 25 juin 2020

Dekolorasyon dan devan aprè frakti

Gen anpil rezon Ki ka lakoz dan devan yon moun chanje koulè, men youn nan rezon ki pi frekan ki ka lakoz sa rive : se lè yon moun nan te frape sou dan an, epi aprè kèk tan li vin remake dan an ap chanje aparans.

Anpil moun ki gen pwoblem sa, dèfwa yo pa gen enfòmasyon sou kijan yo ka rezoud li pou pèmèt dan an repran koulè nòmal li, nan tèks sa nou pral baw plis ekzplikasyon sou kisa ki lakoz fenomèn sa e ki tretman ki genyen pou rezoud li.

Nòmalman Dan an gen plizyè pati ladanl, gen divès kouch pwoteksyon ki la pou pwoteje li tankou “Email , Dentine “ men gen yon pati nan dan an ki pwofon anpil, se pati enteryè dan an, yo rele li “Pulpe Dentaire”. Se atravè pati sa ke nou rele Pulpe lan ke SANG rive sikile nòmalman nan Dan an ( nou ka sezi paske se pa nou tout ki te konnen ke dan an gen SANG kap sikile ladanl menm jan ak lòt ògan nan kò  nou).Pati sa ki rele Pulpe lan frajil anpil paske se li ki pèmèt dan an gen sensibilité.

Kisa ki ka pase lè dan nou frape?

Pa egzanp si yon moun ta pran yon chòk sou dan li pandan yon aksidan, pandan lap batay oubyen pandan lap jwe foutbòl , epi DAN an pata rive sipòte chòk la, lè sa Pulpe lan kapab touche, dan an kapab kase e sa pral lakoz ke veso ki pote SANG nan DAN an gendwa dechire,e sa pral pèmèt SANG an kaye nan dan an apre kelke tan.
Se konsa dan sa gendwa vin chanje koulè akoz san an ki kaye ladanl la,sa ka fè dan an vin bay yon koulè mawon, yon koulè gri oubyen jòn fonse.
Fòk mwen di nou ke sa rive pi souvan lè timoun yo piti nan fè move jwet paske li pi fasil pou yo tonbe sou dan yo, epi yo tou grandi ak yon ti grenn Dan koulè mawon devan bouch yo.

Ki konsekans sa genyen?
Premye konsekans sa genyen : moun nan  pèdi chèlbè l ,e sa diminye nan estim li,Li paka souri menm jan ankò.

Lòt konsekans, sa ka bay moun nan Kis oubyen Absè, jansiv ki nan zòn dan an ka vin anfle, jansiv la ka fè pij.

Anpil moun pa janm konnen si pwoblem sa ka trete, dèfwa yo pale de blanchiman, yo di tout bagay, men an reyalite tretman pou rezoud pwoblem sa fèt nan  2 faz:

Premye faz la se sa nou rele devitalizasyon an( nan faz sa, dantis la ap fè yon netwayaj an pwofondè nan dan an pou l ka retire Pulpe lan ki gate a ak tout debri Sang ki te kaye nan dan an) yo rele sa Tretmam Andodontik oubyen Tretman kanal.

Nan dezyem faz la, dantis lan ap prepare dan an pou l ka mete yon Kouwòn sou li.
kouwòn nan ap gen egzakteman menm koulè epi menm fòm ak dan nòmal yo, lap pèmèt dan an rejwenn aspè natirèl li menm jan nou wè nan imaj sa.
Kouwòn nan ap pèmèt dan an vin pi stab, mwens frajil e pi rezistan.

An konklizyon, Si nou gen Dan devan nou ki chanje koulè apre nou te fin resevwa yon chòk kèlkonk, li enpòtan pou n kontakte yon dantis pou nou fè tretman kap pèmèt nou rejwenn souri nou.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.
Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist/prixdent sou lyen sa👇

https://www.facebook.com/docteurbazard/

Swiv nou sou Instagram tou sou lyen sa 👇

https://instagram.com/bazard_dentist?r=nametag

Nimewo WhatsApp Mwen se (509)3128-0400.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire