mercredi 19 août 2020

Kijan yo fèmen chenèt?


Anpil fwa nou wè moun gen gwo chenèt , nou konn mande Èske li posib pou moun nan fèmen chenèt sa?

E Kijan sa posib? jodia nou pral eksplikew kijan yon moun kapab mete sèk pou l rive fèmen chenèt li si dan l yo trè ekate. (Tretman òto

dontik)


Lèw fin li tèks sa, pa bliye pataje l.


Sa nou rele chenèt la se lè gen espas nan mitan dan yo, lè dan yo ekate youn lòt, men nan langaj syantifik la yo rele li <Diasteme>.

Pi souvan, nou jwenn chenèt yo nan mitan Dan devan yo.


Gen chenèt ki piti anpil ke moun ka pa menm remake,men genyen ki telman laj ou ka panse se yon dan moun nan manke.


Gen moun ki renmen chenèt yo anpil paske yo gen enpresyon ke li fè yo parèt pi bèl,sitou lè chenèt la pa twò laj,

Men gen moun ki pa renmen l paske l anpeche yo souri byen. Yon gwo chenèt konn reprezante yon andikap pou moun nan.


Kisa ki lakoz moun gen chenèt?

Gen anpil rezon ki ka lakoz yon moun gen chenèt devan dan l, 

1- Moun ki te konn souse dwèt :

Yon moun ki te konn souse dwet gen anpil chans pou dan devan l yo vin ekate avek gwo espas epi pouse devan.


2-Lot rezon ki ka lakoz yon moun gen chenèt , se lè fren labyal la sitiye twò prè dan yo, Lè sa mouvman lèv la ap lakoz espas kreye pwogresivmam nan mitan 2 dan devan yo pou bay chenèt la. Nan ka sa, dantis lan ap oblije fè chiriji pou koupe nan fren an.


3-Lòt rezon ankò; se si moun nan konn tete lang, lè lang moun nan fè twop presyon sou dan yo, si moun nan gen ti dan piti , sa konn rive Li ereditè tou,ak anpil lòt koz ankò.


Tretman:

Gen plizyè mwayen lasyans mete a dispozisyon dantis yo pou rezoud pwoblem chenèt sa,

Men chak mwayen sa yo gen fòs ak feblès yo, e yo pa toujou aplikab an fonksyon de rezilta moun nan atann nan epi dirabilite solisyon an.


Youn nan mwayen ki plis garanti pou fèmen chenèt sitou lè espas la parèt laj,se Tretman Òtodontik la( Sèklaj).

Jan nou ka konstate l nan imaj ki asosye ak piblikasyon an, Fòs ki aplike sou dan yo avèk Sèk la ap pèmèt dan ki ekate yo rapwoche youn lòt pou rive konble espas chenèt la.

Nan tretman sa, yo sitou itilize elastik ki an chèn kap pèmèt dan ki ekate yo rapwoche youn lòt jiskaske yo rive pran pozisyon nòmal yo.


Tan pou yon moun swiv tretman sa varye, li depann de anpil lòt fakè ke dantis la pral gen pou l analize.


Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.

Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist/prixdent sou lyen sa👇


https://www.facebook.com/docteurbazard/


Swiv nou sou Instagram tou sou lyen sa 👇


https://instagram.com/bazard_dentist?r=nametag

jeudi 25 juin 2020

Dekolorasyon dan devan aprè frakti

Gen anpil rezon Ki ka lakoz dan devan yon moun chanje koulè, men youn nan rezon ki pi frekan ki ka lakoz sa rive : se lè yon moun nan te frape sou dan an, epi aprè kèk tan li vin remake dan an ap chanje aparans.

Anpil moun ki gen pwoblem sa, dèfwa yo pa gen enfòmasyon sou kijan yo ka rezoud li pou pèmèt dan an repran koulè nòmal li, nan tèks sa nou pral baw plis ekzplikasyon sou kisa ki lakoz fenomèn sa e ki tretman ki genyen pou rezoud li.

Nòmalman Dan an gen plizyè pati ladanl, gen divès kouch pwoteksyon ki la pou pwoteje li tankou “Email , Dentine “ men gen yon pati nan dan an ki pwofon anpil, se pati enteryè dan an, yo rele li “Pulpe Dentaire”. Se atravè pati sa ke nou rele Pulpe lan ke SANG rive sikile nòmalman nan Dan an ( nou ka sezi paske se pa nou tout ki te konnen ke dan an gen SANG kap sikile ladanl menm jan ak lòt ògan nan kò  nou).Pati sa ki rele Pulpe lan frajil anpil paske se li ki pèmèt dan an gen sensibilité.

Kisa ki ka pase lè dan nou frape?

Pa egzanp si yon moun ta pran yon chòk sou dan li pandan yon aksidan, pandan lap batay oubyen pandan lap jwe foutbòl , epi DAN an pata rive sipòte chòk la, lè sa Pulpe lan kapab touche, dan an kapab kase e sa pral lakoz ke veso ki pote SANG nan DAN an gendwa dechire,e sa pral pèmèt SANG an kaye nan dan an apre kelke tan.
Se konsa dan sa gendwa vin chanje koulè akoz san an ki kaye ladanl la,sa ka fè dan an vin bay yon koulè mawon, yon koulè gri oubyen jòn fonse.
Fòk mwen di nou ke sa rive pi souvan lè timoun yo piti nan fè move jwet paske li pi fasil pou yo tonbe sou dan yo, epi yo tou grandi ak yon ti grenn Dan koulè mawon devan bouch yo.

Ki konsekans sa genyen?
Premye konsekans sa genyen : moun nan  pèdi chèlbè l ,e sa diminye nan estim li,Li paka souri menm jan ankò.

Lòt konsekans, sa ka bay moun nan Kis oubyen Absè, jansiv ki nan zòn dan an ka vin anfle, jansiv la ka fè pij.

Anpil moun pa janm konnen si pwoblem sa ka trete, dèfwa yo pale de blanchiman, yo di tout bagay, men an reyalite tretman pou rezoud pwoblem sa fèt nan  2 faz:

Premye faz la se sa nou rele devitalizasyon an( nan faz sa, dantis la ap fè yon netwayaj an pwofondè nan dan an pou l ka retire Pulpe lan ki gate a ak tout debri Sang ki te kaye nan dan an) yo rele sa Tretmam Andodontik oubyen Tretman kanal.

Nan dezyem faz la, dantis lan ap prepare dan an pou l ka mete yon Kouwòn sou li.
kouwòn nan ap gen egzakteman menm koulè epi menm fòm ak dan nòmal yo, lap pèmèt dan an rejwenn aspè natirèl li menm jan nou wè nan imaj sa.
Kouwòn nan ap pèmèt dan an vin pi stab, mwens frajil e pi rezistan.

An konklizyon, Si nou gen Dan devan nou ki chanje koulè apre nou te fin resevwa yon chòk kèlkonk, li enpòtan pou n kontakte yon dantis pou nou fè tretman kap pèmèt nou rejwenn souri nou.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.
Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist/prixdent sou lyen sa👇

https://www.facebook.com/docteurbazard/

Swiv nou sou Instagram tou sou lyen sa 👇

https://instagram.com/bazard_dentist?r=nametag

Nimewo WhatsApp Mwen se (509)3128-0400.

lundi 22 juin 2020

Tout saw ta dwe konnen sou braces.

Nou ka remake anpil moun gen sèk nan dan yo kounya,
Èske n ta renmen konn poukisa ?
E Ki enpòtans sèklaj la genyen?
M invité w li tèks sa siw vle gen plis enfòmasyon.

Anpil nan nou toujou ap poze tèt nou kesyon pou mande ki enpòtans enpòtans sèk yo mete nan dan an genyen, dèfwa nou fè anpil  movèz entèpretasyon paske nou manke enfòmasyon.

Banm eksplike nou, sèklaj dantè a se yon pratik nan medsin dantè ke yo rele « Orthodontie », se yon dantis nan peyi lafrans ki te premye fè eksperyans sa nan ane 1728 pou l te ka redrese dan ki pa byen aligné nan bouch pasyan l yo.

Sèklaj la se yon tretman, se pa yon bagay pou plezi jan anpil moun konprann li an. Yo mete sèk pou moun ki gen dan gaye , moun ki gen gwo chenèt ki ta renmen fèmen l, ak moun ki gen dan sou pil ( dan doukla). Yo konn mete sèk tou pou timoun lè machwè yo twò piti pou yo ka pèmèt zo a pi byen devlope.

Èske se tout moun ki ka fè sèklaj?
Non, se pa tout moun ki ka fè sèklaj. Gen moun si yo mete sèk yo ka pèdi tout dan nan bouch yo aprèsa, se sak fè li rekòmande pou gen yon bon kontwòl ki fèt avan yo mete sèk nan dan moun nan.
Youn nan egzanp moun ki paka mete sèk konsa, se Moun ki gen gwo pwoblem nan jansiv ki ka lakoz dan yo souke, moun sa yo dwe sibi gwo tretman pou maladi jansiv avan yo wè si yap kapab mete sèk la pou yo.

Konbyen tan yon moun ta dwe fè ak sèk nan dan l?
Yon tretman sèklaj (traitement orthodontique) kapab dire pou pi piti ant 6 mwa jiska 2zan, men pou moun ki gen ka konplike yo sa kapab dire plis tan toujou.
Youn nan bagay pou nou konprann: plis moun nan fè tretman sa pandan li pi jèn, se plis lap pi fasil pou l jwenn rezilta .

Pou yo fè sèklaj la yo itilize anpil materyèl  ki fet pou sa, ladan yo nou jwenn brakèt , brakèt la se se ti plak yo kole sou dan an ki tou klere a, yo itilize konpozit tou pou yo kole brakèt yo sou dan an, epi gen yon fil ki pase sou tout dan yo,  aprèsa gen elastik yo ki pèmèt fil la tache sou brakèt yo. Elastik yo konn gen plizyè koulè, se elastik yo ki fè fòs sou dan yo pou fè yo chanje plas jiskaske tout dan yo byen ranje nan bouch la.

Anpil moun konn ap mande si sèklaj la pa gen lòt konsekans?
 Sèklaj la se yon tretman, se pou sa yo rele l « traitement orthodontique ». Se yon tretman ki fèt pou moun nan kapab jwenn rezilta, Konsekans nòmal sèklaj la se deplasman dan yo pou moun nan ka jwenn souri li te espere a.
Konsekans grav ki ka gen nan sèklaj se lè moun nan gen foli, li al fè sa kay yon moun ki pa menm gen konpetans pou sa (fo doktè), lè sa elastik yo ka fè twop fòs sou dan yo jiskaske moun nan vin pèdi dan yo. Se pou rezon sa nou dwe byen konnen nan men ki moun nap lage bouch nou. Siw swete amelyore souri w ou vle mete sèk, kontakte dantis ou.

Nou tout ka jwenn souri nou bezwen an depi nou al wè dantis nou, fè dantis nou konfyans epi aplike règ ijyèn yo pou nou toujou kenbe bouch nou an santé.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.
Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist/prixdent sou lyen sa👇

https://www.facebook.com/docteurbazard/

Swiv nou sou Instagram tou sou lyen sa 👇

https://instagram.com/bazard_dentist?r=nametag

dimanche 24 mai 2020

Kisa blanchiman dantè a ye?

Blanchiman se teknik ke yo itilize nan medsin dantè pou amelyore koulè dan moun ki swete gen dan blanch.
Yo fè sa pi souvan pou moun ki gen dan  jòn ,ak moun ki vle amelyore aparans yo pou yo parèt pi bèl.

Fòk mwen di nou ke nòmalman moun pa fèt ak dan blanch, men dan yo pa fèt pou yo twò jòn tou, se nan sans sa, si yon moun estime ke li pa renmen koulè dan l yo, li kapab al wè yon dantis pou l mande fè blanchiman.

Gen 2 fason yo blanchi dan:

Premye fason an se lè moun nan al kay dantis pou l fè blanchiman an, lè sa dantis lan ap itilize yon jèl ki gen yon pwodwi ladan ke yo rele  « Peroxyde d’hydrogène » pou l pase sou dan yo, e apresa li ka pwojte yon limyè sou dan yo pou blanchiman an ka fet rapid, oubyen tou li ka fè sa nan plizyè randevou jiskaske moun nan jwenn koulè dan li vle a.Men sa konn rive dèfwa dantis lan bay moun nan tretman an pou l al kontinye l lakay li. 
Blanchiman sa dirab, Dan yo ka rete blanch pou yon bon ti tan ,tou depan de teknik dantis lan itilize a. Men avan blanchiman an, moun man dwè fè pwofilaksi, tretman kari ak tout lot pwoblem li ta gen nan bouch li.

Dezyèm fason yon moun ka blanchi dan l, se lè moun nan chwazi achte pèsonelman pwodwi blanchisan yo poul fè sa poukont li lakay li, pami pwodwi sa yo gen pat dantifris, jèl , ak bandlèt yo vann ke moun nan ka kole sou dan l pou l blanchi yo. Men atansyon, si yon  moun chwazi fè blanchiman poukòl Li dwe pran anpil prekosyon , nan sans sa li toujou preferab pouw wè yon dantis avan pou l ka gad bouch ou, fè pwofilaksi pou ou, fè tretman tout pwoblem ou te gen nan bouch ou avan epi baw bon jan eksplikasyon sou produit blanchiman ou achte a pouw konn kòman pouw bien itilize l. Youn nan dezavantaj ki genyen lè yon moun blanchi dan l lakay li se paske blanchiman sa pa dire anpil, men kòm avantaj li koute mwens kòb epi li pèmèt moun nan jere yon aparans byen rapid men li pa dirab menm jan ak blanchiman dantis yo fè a. Blanchiman dantis yo dire pi lontan.

Èske blanchiman dantè a pa gen lòt konsekans ?
Konsekans ki ka genyen se lè moun nan fè blanchiman an san kontwòl , lè moun nan itilize pwodwi yo an eksè ak lè blanchiman an fèt nan move kondisyon. se poutèt sa li rekòmande pou nou toujou jwenn avi yon dantis sou kesyon blanchiman an. Paske siw al blanchi dan w san kontwòl ou ka lakoz Dan yo vin sansib, frajil, e menm fasil pou kase.

Yon moun Ki fin fè blanchiman dwe evite konsome kek bagay sil vle konsève dan blanch yo, Li dwe Evite fimen, evite bwè twop te ak kafe, evite konsome bagay ki ka kolore dan yo.

Siw swete blanchi dan w, vizite yon dantis avan w ta itilize yon produit pouw ka gen tout enfòmasyon ki nesesè sou fason pouw itilize l epi fè tout travay ki merite fèt nan bouch ou avan blanchiman an. Siw vle yon blanchiman ki dirab, Li preferab pouw fèl kay dantis ki spesyalis pou sa. Men Siw vle jere aparans ou pou yon gwo okazyon rapid, ou kapab toujou itilize produit yo vann pou sa paske li koute mwens kòb, men fòk ou ou fè sa an akò ak yon dantis ki pou konseye w sou sa.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.
Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist/prixdent sou lyen sa👇


Swiv nou sou Instagram tou sou lyen sa 👇



mardi 19 mai 2020

5 konsèy ou dwe aplike pouw evite gen movèz alèn

Men 5 konsèy ou dwe aplike pouw evite gen movèz alèn :🗣😷

Movèz alèn se yon pwoblèm ki touche anpil moun nan sosyete a, majorité moun ki soufri movèz alèn ap remake bouch yo bay movèz odè lè yap pale ak lè yap respire, oubyen yo ka santi bouch yo gen move gou trè souvan. Men anpil fwa moun ki gen movèz alèn lan pa toujou konsyan de sa , lè konsa se yon moun pwòch li sèlman ki ka fè l konprann sa. Plis moun ki soufri Movèz Alèn se akoz yon mank ijyèn nan bouch yo oubyen yon pwoblèm dijestif (estomac).

Sikològ yo montre ke movèz alèn se yon pwoblem ki ka fè anpil enpak sikolojik sou yon moun, Li diminye sou kapasite moun nan genyen pou l apwoche lòt moun ki nan antouraj li.

Se poutèt sa jodia , nap prezantew 5 konsèy medikal pouw toujou aplike siw vle evite gen pwoblèm movèz alèn.

1️⃣-Toujou netwaye lang nou lè n fin bwose dan nou.

▪️Anpil nan bakteri ki lakoz movèz alèn yo se bakteri anaerobi, savledi mikwob ki renmen imidite(kote ki mouye), lang nou se youn nan pati ki pi imid nan bouch la , se pou sa bakteri yo renmen rete sou lang nou pou yo dekonpoze epi degaje move sant pou bay pwoblem movèz alèn nan. Pou n evite bakteri sa yo miltiplye , Nou dwe toujou netwaye lang nou . Pou n fè sa, nou ka itilize yon « Grat Lang » ke yo vann nan famasi ,dèfwa gen bwòs dan ki tou gen Grat lang yo, osinon si bwòs la pa genyen l wap jis itilize pay bwòs la pouw netwaye lang ou lejèman aprè w fin bwose dan yo.

2️⃣-Evite konsome twòp Lay ak Zonyon nan manje nou.

▪️Lay ak Zonyon gen yon konpoze ladan yo ke yo rele « dérivé sulfuré » . Lè nou konsome anpil lay ak zonyon , “dérivé sulfuré” sa yo pase direkteman nan san nou pou yo elimine a travè pipi nou,swè kò nou, ak nan poumon nou. Konpoze sa yo pran anpil tan pou yo dégradé nèt nan kò nou, se sak fè nou ka remake  yon movèz alèn ki dire anpil aprè nou fin konsome anpil lay ak zonyon, paske dérivé sulfuré yo prezan nan l’air ke nou rejte a. Pou nou anpeche sa rive, nou dwe kontwole kantite Lay ak Zonyon nap konsome nan alimantasyon nou chak jou.

3️⃣-Bwose dan nou regilyèman epi itilize fil dantè.

▪️Chak lè nou fin manje ,toujou genyen kras ki rete sou dan nou, se sak fè li rekòmande pou nou toujou bwose dan nou chak lè nou fin manje(sitou le matin e le swa), lè nou pote neglijans nou pa bwose bouch nou regilyèman, gen yon kouch kalkè byen di ke yo rele « tartre » ki ap parèt sou dan yo,kouch kalkè sa fasilite mikwòb ki bay movèz alèn yo miltiplye. Anplis de sa,kras manje yo renmen al kache nan fant dan nou, lè sa li pi difisil pou yo sòti epi yo dekonpoze pi vit pou degaje movèz odè. Pou nou evite sa rive nou, li rekòmande pou nou toujou byen bwose dan nou chak matin chak swa avan nal kouche epi itilize fil dantè pou nou netwaye fant dan yo.

4️⃣-Toujou byen idrate kò nou pou n evite bouch nou sèch.

▪️Li rekòmande pou nou bwè an mwayèn yon lit edmi dlo nan yon jounen. Lè nou pa bwè ase dlo pandan jounen an bouch nou konn gen tandans sèch. Fòk nou pa bliye ke krache nan bouch nou jwe yon wòl antibaktebyen tou, li gen kapasite poul afebli mikwòb yo epi patisipe nan metwayaj bouch la otomatikam. Lè bouch nou sèch, sa anpeche kras manje yo elimine rapidman e sa favorize bakteri ki nan bouch nou yo dekonpoze pi rapid. 

Kidonk, nou dwe toujou bwè anpil dlo,epi evite move abitid ki ka rann bouch nou sèch yo.

5️⃣-Vizite dantis nou pou piti yon fwa chak ane.

▪️Chak lè nou vizite dantis nou, sa ban nou possibilité pou nou jwenn bon jan enfòmasyon sou eta santé bouch nou.

Anpil nan mikwòb ki koz movèz alèn yo renmen al kache anba jansiv la oubyen sou dan yo dirèkteman, se pousa nou dwe fè pwofilaksi chak 6 mwa pou fè bon netwayaj anba jansiv nou epi pou retire tout depo kalkè (tartre) ki te di sou dan yo. Aprè pwofilaksi, dantis la kapab preskri w pat dantifris ak bain de bouche ki approprié pou rezoud pwoblem ou an.

Vizite dantis nou regilyèman, se meyè mwayen pou n kontwole eta santé bouch nou epi fè prevansyon pou evite devlope tout kalite maladi nan bouch nou tankou movèz Alèn.

Pa janm bliye, meyè fason pou nou kenbe bouch nou an santé se lè nou respekte règ ijyèn yo. Pa neglije swiv 5 konsèy sa yo pouw fè prevansyon kont movèz alèn.

Si tèks sa te itil ou, pa bliye pataje l ak tout moun sou paj ou.

Siw ta renmen li pwochen tèks la, al abone ak paj @bazard_dentist lan sou lyen sa👇

https://www.facebook.com/DrBazard/

Rete konekte ak nou sou Facebook ak Instagram @bazard_dentist.

Pa bliye prensip pou n konbat kowonaviris la, toujou lave men nou, touselle nan koud nou, mete mask epi kenbe distans ou ak lòt moun.

mardi 17 septembre 2019

Un bébé peut-il naître avec des dents ?

Aussi surprenant que cela puisse être, certains bébés naissent avec des dents. Une ou deux pas plus, on a encore jamais un bébé naître avec une dizaine de quenottes.
Surprise de la famille, tout chou au départ, il va falloir très certainement lui faire retirer et cela assez rapidement. La raison ? Celles-ci ont de grandes chances de ne pas être bien « accrochées » à la gencive, il faut donc éviter tout risque d’étouffement.
Deux suites possibles ? Soit, ces dents étaient des supplémentaires (en plus, non comptabilisées dans les dents de lait). Elles seront alors tout naturellement remplacées par des dents de lait. Si par contre, les dents de naissance sont des dents de lait, il faudra attendre que les dents définitives ne poussent. Certains parents choisissent d’en faire poser des provisoires, en attendant que les « vraies » quenottes ne pointent le bout de leur nez.

En savoir plus sur http://drolesdemums.com/bebe/sante-bebe/un-bebe-peut-il-naitre-avec-des-dents#oWZFPzETB9K5mueQ.99